-
Daphney posted an update
3 months agoTi moso Listwa
22 janvye 1965, prezidan François Duvalier inogire Ayewopò Entènasyonal, ki pote non li, nan Maïs-Gaté, yon katye ki twouve l a anviwon 7 kilomèt de mitan vil Port-au-Prince.
Ayisyen sòti tout kote pou vini gade Clipper Jet Haïti, ki ap ateri sou pis la a 1 nè won nan aprèmidi. Se lajan taks ouvriye, lajan pèseptè te ranmase nan men machann ki chita ap vann nan mache epi bourad gouvènman ameriken ki pral bati ayewopò sila a, sou sipèvizyon sekretè deta Luckner James Cambronne, yon pitit vil Arcahaie, duvalieris jouk nan zo.
Si chinwa yo depi nan lane 320 te kòmanse envante Bambou-Copter pase pran Leonard de Vinci nan 15zyèm syèk ki te gen tan ap fè anpil rechèch pou rive sou les frères Wright nan dat 17 des*nm 1903, ki pral pèmèt lèzòm v*le nan syèl… premye avyon ayisen pral wè, se avyon lame ameriken, ke peyizan yo te rele malfini, ki v*le nan syèl la, pase tire sou kako nan lane 30 yo. Anvan sa, se zwazo ak lougaou sèlman ki t ap sikile anlè a.
Ayewopò François Duvalier ki inogire 22 janvye 1965 sa a, se te yon gwo pa sou wout devlopman, ki te konekte peyi a ak rès mond la. Li vini ranplase ayewopò Chancerelles la, yon ti pis aviyasyon kote militè ameriken te konn fè monte des*nn, pou kontwole aktivite alman yo nan zòn Karayib la. An nou presize ke Compagnie Haïtienne de transports (COHATA) te konn itilize l tou, depi lane 1961.
Richa***n Dorvil
*KOZE LARI A*🗞️




