• Daphney posted an update

    2 months, 4 weeks ago

    Flash: 🚨‼️ Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé chape anba tantativ pou revoke li, gras ak retrè siyati konseye Smith Augustin nan dènye moman an.

    Dapre sous ki pwòch Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) a, senk manm te deja siyen yon rezolisyon pou revoke chèf gouvènman an, anvan Smith Augustin deside retire angajman li, sa ki fè demach la echwe.

    Fritz Alphonse Jean, Leslie v*ltaire, Louis Gérald Gilles ak Edgard Leblanc Fils se kat konseye ki te kenbe siyati yo sou dokiman an.

    Retrè Smith Augustin lan kraze majorite ki te nesesè pou ranvwaye Premye minis la, nan yon moman kote CPT a ap rive nan fen manda li.

    Kowòdonatè CPT a, Laurent Saint-Cyr, te opoze klèman ak revokasyon an, li avèti kont tout desizyon prese ki ta ka m***se es**bilite peyi a anvan 7 fevriye.

    Pou kounye a, anpil moun ap poze kesyon, èske se pa U.S. Department of State ki ta fè presyon sou mouche Smith Augustin ki ta lakòz li fè bak.

    Kesyon sila a soulve apre rapèl piblik pozisyon Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti), ki te fè konnen nan yon mesaj sou rezo sosyal ke nenpòt demach pou ranvwaye Premye minis defakto a ta ale kont enterè Etazini. #Haiti #smithaugustin #revocation #usa #alixdidierfilsaimé
    JPBonbagay

    Status Image
    • like
    Reacted by Ruthy