• Daphney posted an update

    2 months, 4 weeks ago

    Ravèt gen move repitasyon: sal, degoutan, asosye ak fatra. Men etonan ase, yo netwaye tèt yo imedyatman apre yo touche yon moun. Se pa paske nou sal pou yo, men paske yo s*nsib a odè, lwil, ak mikwòb ki pa fè pati yo. Yo itilize pye yo pou pase sou tèt, sou zèl, epi retire tout sa ki pa natirèl. Sa montre yo gen yon s*ns pwòpte enteryè, yon konpòtman ki kontrè ak imaj nou genyen de yo. Ravèt pa vle kenbe tras nou yo vle rete “yo menm”.

    👉 Yon ens**k ki pa vle rete sal, malgre nou panse li sal.
    #lanati #KDJanv2026 #KesnelDorlean #osibizakesakaparet #KDensolit

    Status Image