• Daphney posted an update

    3 months, 1 week ago

    Nan Lasyèd, yon pwojè inovatè ap teste entèlijans zwazo pandan li ede pwòpte vil yo. chèchè yo devlope yon machin ki pèmèt kòbo pote ti moso fatra tankou bout sigarèt oswa papye, epi an retou yo resevwa grenn manje. Machin nan fonksyone tankou yon bank echanj: chak fwa yo zwazo lage fatra nan twou ki fèt pou sa, sistèm nan rekonèt objè a epi lage yon ti kantite manje kòm rekonpans. Zwazo yo aprann rapidman ke fatra gen valè, e yo vin patisipe nan netwaye lari yo. Inisyativ sa a pa sèlman amelyore pwòpte vil yo, men li montre kijan entèlijans bèt ka sèvi ak teknoloji pou benefis ekolojik. Si eksperyans nan reyisi, li ka elaji nan lòt vil, kreye yon patenarya ant moun ak zwazo pou yon anviwònman pi pwòp.

    👉 An rezime: Lasyèd ap teste yon machin ki fè zwazo tounen ajan pwòpte: yo pote fatra, yo resevwa manje.
    #lanati #KDJanv2026 #KesnelDorlean #osibizakesakaparet #KDensolit

    Status Image
    Status Image