-
Daphney posted an update
3 months, 1 week agoKonpetisyon 433 Aw*rds la se pa nenpòt ti vòt; se platfòm foutbòl ki pi gwo nan mond lan k ap ch***e kilès ki “Favorite Fanatik yo” pou ane a. Se la tout gwo zetwal planetè yo pase, epi ane sa a, se yon Ayisyèn k ap domine deba a! 🌍✨
Apre li fin sakrifye tout gwo tonton jwè nan wout li, Melchie Dumornay (Corventina) rive nan gwo FINAL la! Se pa sèlman yon vòt, se yon b***y pou respè foutbòl Ayisyen an sou sèn mondyal la.
Gade ki jan wout la te rèd, men “Atis la” pa t dekouraje:
✅ 8èm de Final: Li jete jwè Arsenal la (Alessia Russo)!
✅ Kadefinal: Li elimine Salma Paralluelo (Barca)!
✅ Demifinal: Li sakrifye Aitana b**matí (b*llon d’Or 2023-2024)!
Kounye a, se b***y FINAL LA:
🇭🇹 Melchie Dumornay 🆚 🇪🇸 Alexia Putellas (Rèn Barcelona, 2 b*llon d’Or 2021-2022).
Nou elimine premye a, nou elimine dezyèm nan, kounye a se dènye rèn nan ki rete pou nou detwone! 👑❌ Putellas gen trofe, li gen eksperyans, men Corventina gen yon pèp vanyan dèyè li!
Pa gen dòmi, pa gen bay gòl, se vòte pou n vòte! Ann montre mond lan fòs drapo nou! 🇭🇹💪
⏳ Ret branche sou paj 433 a, kou baryè a louvri, nou anvayi l!
#Haiti #MelchieDumornay #Corventina #433Aw*rds #g****dyeAlaso #Footb*llHaitien #PutellasVsDumornayReacted by Mikefreak509 And 1 Other -




