• Daphney posted an update

    3 months ago

    Flash: 🚨‼️ Otorite Dominiken yo remèt bay Police Nationale d’Haiti – PNH la ansyen senatè Depatman s*nt lan, Francisco De La Cruz, yè, lendi 19 janvye 2026 la apre yo te mete l anba kòd sou teritwa yo a.

    Operasyon an te konfime pa komisè prensipal Léonard Anténor, responsab Polis Fwontalye (Polifront) nan Nòdès peyi a.

    Apre arestasyon li sou teritwa dominiken an, ansyen palmantè a te akonpaye jiska liy fwontyè a, kote ajan ayisyen yo te pran l an chaj.

    Pou kounye a, otorite yo poko bay detay sou rezon ofisyèl ki te mennen nan entèpelasyon li nan peyi vwazen an.

    Sepandan, non Francisco De La Cruz parèt nan ankèt ki gen rapò ak detounman byen s*nt Nasyonal Ekipman (CNE).

    Nan mwa janvye 2024, jij enstriksyon Al Duniel Dimanche te lanse manda arestasyon entènasyonal kont plizyè ansyen gwo fonksyonè leta, pami yo Francisco De La Cruz, pou sispèk, k*******n ak konplisite nan k*******n, detounman byen piblik ak uzirpasyon fonksyon.

    Nan epòk la, ansyen senatè a te konteste tout akizasyon yo, li te prezante yo kòm manèv politik, pandan li te evite reponn plizyè konvokasyon lajistis.

    Pou kounye a, ansyen senatè a nan men lajistis ap tann s**vi ka li a merite. #Haiti #c********n #Arrestation #dominicanrepublic

    Status Image