-
Daphney posted an update
3 months agoNan Konstitisyon Ayiti a ki amande an 2011 lan, gen atik ki pale klè sou jan resous natirèl tankou min, rivyè, sous dlo, ak tè ki gen wòch oswa metal dwe jere.
Daprè atik 36-5, resous sa yo se byen Leta, sa vle di yo fè pati domèn piblik epi pèsonn pa ka posede yo kòm byen prive.
Atik 36-6 chita sou sa lalwa dwe regle pou otorize moun oswa konpayi fè rechèch, fouye oswa mete min an valè. Lalwa dwe tou asire tout moun ki afekte pa aktivite min lan jwenn yon pati nan benefis la, kit se Leta oswa mèt tè kote min lan sitiye a.
#KDSosyete #KesnelDorlean #KDJanv2026




