-
Daphney posted an update
3 months agoSi jodi a telefòn s***lè ki nan menw lan, ka idantifye egzakteman kote ou ye a, se gras ak Gladys West, yon matematisyen ki pandan plizyè ane te pase totalman inapèsi. Li te fèt nan ane 1930 nan Vijinia, nan yon fanmi afriken-ameriken ki te konn travay nan kiltivasyon tabak. Gladys te gen yon gwo talan nan matematik, sa ki te pèmèt li jwenn yon bous detid inivèsitè epi, an 1956 li te kòmanse travay nan yon baz naval Etazini.
Andedan baz naval sa li te pase yon gwo pati nan lavil ap fè kalkil konplèks epi ap itilize premye superòdinatè yo pou kreye modèl presi sou fòm reyèl Latè a, yon etap kle pou fonksyònman GPS la. Li te pran retrèt li s*n okenn rekones*ns piblik, epi lemonn te kontinye itilize travay li chak jou s*n yo pa konnen non’l. Li kite mond sa 17 Janvye ane sa, li kite dèyè yon eritaj ki kontinye ede epi gide nou chak fwa nou itilize telefone nou poun soti..
Reacted by Ruthy -




